Yon Ekip Kote Esperyans Marye ak Konpetans Kiltirèl
Konpetans Kiltirèl se yon objektif esansyèl nan anviwònman aktyèl la. Globalizasyon ak Integrasyon ap redefini rapidman fason moun kondui biznis, nan kèlkeswa domèn lan : gouvènmantal, teknik, legal, medikal oswa komèsyal.
Nan Domèn Swen Medikal
Konpetans kiltirèl se yon konpozant esansyèl sistèm lasante nan peyi Etazini, men se yon domèn kote souvan gen mank. Òganizasyon k ap bay swen medikal yo vin gen plis pèsonèl ki soti divès kote epi y ap sèvi moun ki soti nan plizyè peyi. Sa kapab kreye pwoblèm kominikasyon, konpreyansyon, konfyans epi jennen travay ann ekip la. Sa kapab fè swen medikal yo se swen kalite enferyè epi yo pa gen garanti sekirite.
Swen medikal kote gen konpetans kiltirèl se rezilta yon konbinezon efò kote gen objektif amelyorasyon konpòtman pou yo vin pi sen, dyagnostik ak tretman prekòs ak jesyon maladi kwonik yon jan pou yo ekitab pou tout pasyan.
Konpetans kiltirèl nan swen medikal se yon bagay nou rive jwenn paske genyen makònay pwofesyonèl ant de Kontraktè GSA — Black Diamond Language Services (GS-10F-0221T) ak PRIME® (GS-07F-0420U). Black Diamond ak PRIME® genyen yon total 30 ane esperyans nan swen medikal nan tout peyi. Sa pèmèt yo vin genyen presizyon medikal e syantifik ansanm ak ekselans nan sèvis edikasyon, tradiksyon ak entèpretarya kote gen konpetans kiltirèl.
- • Entèprèt sètifye ki gen esperyans nan langaj konplèks swen medikal.
- • Presizyon nan materyèl syantifik yo tradui yo.
- • Fòmasyon ak edikasyon sou konpetans kiltirèl nou ofri nan saldeklas, nan entènèt oswa alekri.
- • Medya ki bay enfòmasyon miltileng epi ki baze sou prensip aprantisaj pou granmoun.
- • Direktè Pwogram Syantifik ak pwofesyonèl nan swen medikal lisansye.
- • Pèsonèl pwofesyonèl miltikiltirèl konpetan.
Nan Domèn Biznis
Konpetans kiltirèl se yon konpozant esansyèl si w vle gen konferans, reyinyon ak rankont ki byen reyisi. Lè w sèvi ak entèprèt oswa materyèl ki tradui nan evènman ou planifye yo, sa kapab fasilite kontak ant lang ak kilti. Konsa, gen kominikasyon efikas epi sa amelyore rezilta yo paske moun aprann plis..
Ou kapab amelyore transparans ak etik lè w gen tradiksyon presi manyèl, livrè, dokiman legal ak lòt dokiman ki enpòtan pou biznis ou. Entèpretasyon ki presi kapab yon eleman esansyèl pou w rive fè rankont anplwaye, negosyasyon ak fòmasyon ki byen reyisi.
Nou kapab rive genyen konpetans kiltirèl kontini nan biznis nou paske genyen makònay pwofesyonèl ant de Kontraktè GSA — Black Diamond Language Services (GS-10F-0221T) ak PRIME® (GS-07F-0420U). Black Diamond ak PRIME® ofri espètiz ak pwofesyonalis ki san parèy nan sèvis pou evènman ak konferans, nan materyèl, fòmasyon ak edikasyon kote gen konpetans kiltirèl.
- Entèprèt Sètifye pou Konferans.
- Presizyon nan materyèl yo tradui, ki vle di materyèl teknik tou.
- Fòmasyon ak edikasyon sou konpetans kiltirèl nou ofri nan saldeklas, nan entènèt oswa alekri.
- Medya ki bay enfòmasyon miltileng epi ki baze sou prensip aprantisaj pou granmoun.
- Pwofesyonèl Sètifye pou òganizasyon reyinyon ki gen esperyans nan travay ak piblik moun ki soti diferan kote.
- Pèsonèl pwofesyonèl miltikiltirèl konpetan.
Pou plis enfòmasyonRele: 1.866.994.2357PO Box 10626
Fort Lauderdale, FL 33307