N ap Konekte ak Lemonn
Yon Mo Alafwa
Depi 1992, Black Diamond pran yon gwo elan pou li kapab tounen yon konpayi yo rekonèt kòm konpayi ki pami sa ki pi konpetan yo, ki gen divèsite kiltirèl epi ki pare pou l reponn bezwen tradiksyon ak entèprètarya pou pwofesyonèl nan ekonomi mondyalize a. Black Diamond Language Services bay sèvis alekri epi aloral nan plis pase 200 lang ak dyalèk, kidonk li ofri tout kalite espètiz nan domèn kominikasyon ki marye ak konpetans siperyè nan domèn Medikal, Teknik, Legal, Gouvènman ak Asirans.
Konpayi an gen yon filozofi "fè sa w dwe fè epi fèl dwat" ki pèmèt li kontinye amelyore kalite toutan pou l kapab atenn bon nivo ekselans.
Koze Plizyè Lang nan Peyi Etazini
Sa gen ventan, li te pi fasil pou yo pa bay pouvwa acha mache etnik yo enpòtans. Kounye a gen plis pase venteyen milyon ameriken ki klase anndan kategori mache etnik lan, kidonk yo oblije revize apwòch sa a nèt. Ki avantaj ou genyen lè "ou pale menm lang" epi ou vin aprann plis sou kijan chak kilti "danse konpa l"?
- 21,3 milyon Ameriken klase kòm moun "ki gen konpetans limite nan lang angle", sa vle di yon ogmantasyon 52 pousan parapò ak 1990 epi se de fwa total ane 1980 an.*
- Youn nan chak vennsenk fwaye ameriken izole nan domèn lang, sa vle di pa gen okenn moun nan kay la ki gen plis pase 14 lane e ki kapab pale angle.
- Lang natifnatal yo kapab yon obstak pou sekirite. Travayè nan tout peyi a ki pa pale angle gen plis risk lontan pou yo fè aksidan nan travay yo pase travayè ki pale angle. OSHA egzije pou patwon yo tabli kominikasyon pèmanan ak travayè ki pa pale angle..
Sèvis nou yo
Sèvis Entèprèt
Black Diamond ofri nou yon kantite entèprèt espesyalize epi sètifye ki kapab reponn bezwen pwojè nou yo. Mak fabrik nou se atansyon nou pote nan chwa entèprèt nou yo
SI W VLE KONN PLIS
Sèvis Tradiksyon
Nou seleksyone ekip tradiktè nou dapre sa yo konn fè deja ak esperyans yo nan lang orijin lan ak lang y ap tradui ladann lan epi dapre esperyans yo genyen nan matyè a. Mande yon Devi Gratis epi kite nou okipe tradiksyon dokiman w lan. .
SI W VLE KONN PLIS
Sèvis nan Telefòn
Ekip nou an toujou pare pou l ede w kominike ak yon moun ki pa pale lang ou. W ap annik fè yon apèl.
SI W VLE KONN PLIS
Sèvis Transkripsyon
Presizyon ak Dat Livrezon se eleman kle lè w vle bay pi bon sèvis transkripsyon posib. Ekip transkripsyon kalifye Black Diamond lan ap fè w jwenn materyel retranskri a, nan fòma w bezwen an. SI W VLE KONN PLIS